Español
- English
Ki sa WIC yé?
WIC sé yon pwogram
nitrisyon finansé fédéralman pou Fanm, Ti-bébé,
ak Timoun. WIC bay bagay sayo pou anken lajan: manjé lasanté,
édikasyon ak konsèy nitrisyon, sipò lè
wap bay tété, ak référans pou swen la
santé.
Kòman
poum apliké pou WIC?
Pou apliké pou
WIC, ou bézwen kontakté yon ofis WIC local. Kliké
isit pou yon niméwo téléfòn local
oubyen rélé 1-800-342-3556 é operatè a
ap ba ou niméwo téléfòn lokal la.
Biwo local WIC la pral
baw yon dat ak lè pou yon vizit pou sètifikasyon WIC.
Nan vizit sa a, yo pral egzamine revni fanmi an, estati medikal/nitrisyon
chak kandida. Nan jou sa a, ou pral konnen si oumenm ak timoun ou
yo elijib pou pwogram WIC lan.
Déklarasyon
Non-diskriminasyon USDA
Lalwa Federal avek “U.S. Department of
Agriculture” (USDA) defann diskriminasyon nan tout pwogram akaktivite
sou kelkeswa fòm lan ras, koulè, nasyonal orijin, seks,
laj e andikape.
Pou pote youn akizasyon pou diskriminasyon ou renkontre, ekri: USDA,
Director, Office of Civil Rights, 1400 Independence Avenue, S.W.,
Washington, D.C. 20250-9410 oswa rele nime wotelefon sa (800) 795-3272
(vwa) oswa (202) 720-6382 (TTY). USDA se yon founisè ak anplwayè
ki ofri egalite pwofesyonèl.